Pular para o conteúdo
Publicidade

Luc 19

28 L fin pale bagay sa yo, Li 19:28 Mc 10:32te pran devan pou monte Jérusalem.

29 19:29 Mat 21:1-9 L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan. 30 Li te di: "Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la. 31 Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: Senyè a gen bezwen li."

32 Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.

33 Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: "Poukisa nou ap demare jenn bourik la?"

34 Yo te di: "Senyè a gen bezwen li."

35 19:35 Mat 21:4-9 Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.

36 Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.

37 L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse 19:37 Luc 18:43louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te yo. 38 Yo t ap rele: 19:38 Sòm 118:26"Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!"

39 19:39 Mat 21:15 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: "Mèt, reprimande disip ou yo!"

40 Men Li te reponn e te di: "Mwen di nou, si sila yo rete an silans, 19:40 Hab 2:11menm wòch yo va pran rele."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também