1 Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan 2:1 Mat 22:17César Auguste, ke yon 2:1 Mat 4:24resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. 2 Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. 3 Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.
4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke 2:4 Luc 1:27li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.