15 Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: "Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan."
16 Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. 17 Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. 18 Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.