Pular para o conteúdo
Publicidade

Luc 2

22 2:22 Lev 12:6-8 jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a. 23 (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: 2:23 Egz 13:2,12"Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye"), 24 epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, 2:24 Lev 5:11"yon toutrèl, oswa, de jenn pijon."

25 Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap 2:25 Mc 15:43chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li. 26 Li te revele a li menm ke li pa t ap 2:26 Sòm 89:48lanmò avan ke li te Kris a Senyè a. 27 Konsa, li te nan Lespri a l te antre nan tanp lan nan menm paran Jésus yo te pote pitit la, 2:27 Luc 2:22pou akonpli pou Li koutim Lalwa a. 28 Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:

29 "Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a

2:29 Luc 2:26 pati anpè selon pawòl Ou.

30 Paske zye m gen tan 2:30 Sòm 119:166-174delivrans Ou,

31 ke ou prepare devan tout nasyon yo;

32 "yon limyè revelasyon pou payen yo,

epi laglwa a pèp Ou a, Israël."

33 Papa L avèk 2:33 Mat 12:46manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.

34 Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: "Veye byen, anfan sila a fèt pou 2:34 Mat 21:44tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon. 35 Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a anpil moun kapab vin revele."

36 Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan 2:36 Jos 19:24tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li 2:36 I Tim 5:9te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, 37 answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan 2:37 Luc 5:33jèn ak lapriyè. 38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap 2:38 Luc 1:68chache redanmsyon Jérusalem nan.

Veja também