4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke 2:4 Luc 1:27li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7 Li te 2:7 Mat 1:25bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.