41 Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan 2:41 Egz 12:11fèt Pak Jwif la.
42 Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la. 43 Pandan yo t ap retounen, apre 2:43 Egz 12:15tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa. 44 Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.
45 Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li. 46 Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li t ap chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon. 47 Tout sila ki te tande Li yo 2:47 Mat 7:28te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.
48 Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: "Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, 2:48 Luc 2:49papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou."
49 Li te di yo: "Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M 2:49 Jn 4:34te oblije lakay Papa M?" 50 Men 2:50 Mc 9:32yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.
51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan 2:51 Luc 2:3Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L 2:51 Luc 2:19te gade tout bagay sa yo nan kè l.
52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan 2:52 Luc 2:40gras avèk Bondye e avèk lèzòm.