54 Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men 22:54 Mat 26:58Pierre t ap swiv a yon distans. 55 22:55 Mat 26:69-75Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo. 56 Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: "Mesye sa a te avè L tou, wi."
57 Men Li te demanti sa, e te di: "Fanm, mwen pa konnen Li."
58 Yon ti jan pita, 22:58 Jn 18:26yon lòt te wè l, e te di: "Ou menm se youn nan yo tou." Men Pierre te di: "Mesye, se pa mwen!"
59 Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: "Sètènman mesye sa a te avè l tou, 22:59 Mat 26:73paske li se yon Galileyen."
60 Men Pierre te di: "Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!" E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante. 61 Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: 22:61 Luc 22:34 "Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa." 62 Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.