Pular para o conteúdo
Publicidade

Lucas 5

1 5:1 Mat 4:18-22 Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la. 2 Li te de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo. 3 Li te 5:3 Mat 13:2antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.

4 Li te fin pale, Li te di Simon: "Mete nou deyò nan dlo fon e5:4 Jn 21:6lage filè yo pou kenbe pwason."

5 Simon te reponn pou di L: 5:5 Luc 8:24"Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo."

6 5:6 Jn 21:6 yo te fin sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire. 7 Konsa, yo te sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.

8 Men Simon Pierre te sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: "Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!" 9 Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe. 10 Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou.

Jésus te reponn Simon:5:10 Mat 14:27 "Pa , depi koulye a, se moun n ap kenbe." 11 yo te fin kannòt yo rive atè, 5:11 Mat 4:20-22yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.

Veja também