1 Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, 7:1 Mat 8:5-13Li te ale Capernaüm. 2 Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri. 3 Lè li te tande afè Jésus a, 7:3 Mat 8:5 chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a. 4 Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo. Yo te di: "Li merite pou Ou ta fè sa pou li. 5 Paske li renmen nasyon nou an. Se te li ki te bati sinagòg nou an." 6 Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: "Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen. 7 Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou. Men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri. 8 Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l."
9 Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: "Mwen di nou, 7:9 Mat 8:10 pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa." 10 Epi lè sila ki te voye yo te vin retounen, yo te twouve esklav la an bòn sante.