Pular para o conteúdo
Publicidade

Luc 7

11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 7:13 Luc 7:19Senyè a te l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: "Pa kriye." 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: "Jennonm, Mwen di ou leve!" 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

16 7:16 Luc 5:26 Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: "Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!" E "Bondye vizite pèp Li a"! 17 Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.

Veja também