22 8:22 Mat 8:23-27 Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: "Annou pase pa lòtbò lak la." Yo te pati.
23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou 8:23 Luc 5:1lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: 8:24 Luc 5:5"Mèt, Mèt, n ap peri!"
Lè L vin leve, Li te 8:24 Luc 4:39reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 Li te di yo: "Kote lafwa nou ye?"
Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: "Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?"
26 8:26 Mat 8:28-34 Yo te kouri a vwal jouk lè yo rive nan peyi a Jerazenyen yo ki anfas Galilée.