40 8:40 Mat 9:1 Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.
41 8:41 Mat 9:18-26 Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li; 42 paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri.
Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.
43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun, 44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.
45 Jésus te di: "Kilès ki te touche Mwen an?"
E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: 8:45 Luc 5:5"Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou."
46 Men Jésus te di: "Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lè8:46 Luc 5:17pouvwa a te kite M nan."
47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.
48 Jésus te di li: "Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; 8:48 Mc 5:34ale anpè."
49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakay8:49 Luc 8:41ofisye sinagòg la, e te di: "Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò."
50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: 8:50 Mc 5:36"Pa pè; sèlman kwè, e li va geri."
51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap 8:52 Luc 23:27lamante pou li; men Li te di: "Sispann kriye, paske li pa mouri, men 8:52 Jn 11:13l ap dòmi."
53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: "Pitit, leve!"
55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
56 Paran li yo te etone, men Li te 8:56 Mat 8:4enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.