1 9:1 Mat 10:5 Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2 Li te voye yo ale pou 9:2 Mat 10:7pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
3 Konsa, Li te di yo: 9:3 Luc 10:4-12"Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4 Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5 Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, 9:5 Luc 10:11souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo."
6 Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap 9:6 Mc 6:12preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.