12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: "Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole."
13 Men Li te di yo: "Nou menm bay yo manje!" Yo te reponn Li: "Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo." 14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.)
Li te di a disip Li yo: "Fè yo chita 9:14 Mc 6:39nan gwoup de senkant chak."
15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz 9:17 Mat 14:20panyen byen ranpli.