12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. 11:12 Mat 21:18-22 13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14 E Li te pale a li: "Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!"
E disip Li yo te tande l.