1 3:1 Mat 12:9-14 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. 2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a 3:2 Mat 12:10pou yo ta kapab akize Li.
3 Li te di nonm avèk men sèch la: "Leve vin devan!"
4 Li te di yo: "Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye"? Men yo te rete an silans.
5 Lè L fin 3:5 Luc 6:10gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: "Lonje men ou". Li te lonje l, e men li te geri.