3 "Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn. 4:3 Mat 13:3 4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
5 "Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè. 6 Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
7 "Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
8 "Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa."
9 Konsa li te di: 4:9 Mat 11:15"Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande".