Pular para o conteúdo
Publicidade

Marc 5

21 Jésus te fin pase lòtbò ankò nan 5:21 Mc 4:36kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te 5:21 Mc 4:1kote lanmè a. 22 5:22 Mat 9:18-26Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. l te Li, li te tonbe sou jenou Li. 23 Li te sipliye Li byen e te di: "Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin 5:23 Mc 6:5poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv." 24 Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.

25 Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26 E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò. 27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28 Paske li te reflechi: "Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri". 29 Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan l ke 5:29 Mc 3:10maladi a te geri.

30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke 5:30 Luc 5:17pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: "Kilès ki te touche vètman Mwen an?"

31 Disip Li yo te di L: "Ou tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: Kilès ki touche M nan?"

32 Li te gade toupatou pou fanm ki te sa a.

33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.

34 Jésus te di li: "Fi, 5:34 Mat 9:22se lafwa ou ki bay ou lasante. 5:34 Luc 7:50Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a".

35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: "Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò". 5:35 Mc 5:22 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: 5:36 Luc 8:50"Pa ankò; sèlman kwè".

37 Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke 5:37 Mat 17:1Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques. 38 Yo 5:38 Mc 5:22te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te yon gwo tènten, ak moun ki t ap kriye e rele "anmwey". 39 Li antre, e Li te di yo: "Poukisa nou ap tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi".

40 Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a. 41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: "Talita koum" ki vle di 5:41 Luc 7:14"Tifi, Mwen di ou leve!"

42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi. 43 Konsa, Li te 5:43 Mat 8:4bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

Veja também