Pular para o conteúdo
Publicidade

Marcos 5

25 Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26 E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò. 27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28 Paske li te reflechi: "Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri". 29 Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan l ke 5:29 Mc 3:10maladi a te geri.

30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke 5:30 Luc 5:17pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: "Kilès ki te touche vètman Mwen an?"

31 Disip Li yo te di L: "Ou tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: Kilès ki touche M nan?"

32 Li te gade toupatou pou fanm ki te sa a.

33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.

34 Jésus te di li: "Fi, 5:34 Mat 9:22se lafwa ou ki bay ou lasante. 5:34 Luc 7:50Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a".

Veja também