Pular para o conteúdo
Publicidade

Marcos 6

35 li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: "Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta. 36 Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo."

37 Men Li te di yo: "Nou menm bay yo manje!" 6:37 Jn 6:7

Yo te reponn Li: "Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?"

38 Li te di yo: "Konbyen pen nou genyen? Al gade!" yo konnen, yo di: "Senk pen ak de pwason".

39 Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la. 40 Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn. 41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade syèl la, e Li te 6:41 Mat 14:9beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.

42 Yo tout te manje, e yo te satisfè. 43 Yo te ranmase douz 6:43 Mat 14:21panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason. 44 Te gen 6:44 Mat 14:21senk-mil mesye ki te manje pen yo.

Veja também