1 Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, 8:1 Mc 6:34-44Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo: 2 8:2 Mc 9:36"Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. 3 Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans."
4 Disip Li yo te reponn Li: "Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa"?
5 Li te mande yo: "Konbyen moso pen nou genyen?" Yo te di Li: "Sèt".
6 Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la. 7 Anplis yo te genyen kèk ti pwason. 8:7 Mat 14:19Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
8 Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo 8:8 Mat 15:37panyen plen avèk moso kase ki te rete. 9 Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.