1 "Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt," pale SENYÈ Dèzame yo: "jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.4:1 Sòm 21:9; És 9:18,19 2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, 4:2 II Sam 23:4; Jr 30:17 solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
Publicidade