10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: 12:10 Mat 12:2"Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?" Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 Li te reponn yo: 12:11 Luc 14:5"Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12 12:12 Mat 10:31Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a." 13 Konsa, Li di mesye a: "Lonje men ou!" 12:13 Mat 8:3Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la.