28 Konsa, Pierre te reponn Li: "Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a."
29 Li te reponn: "Vini!" Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: "Senyè, sove m!"
31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: "Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?"