3 Li te reponn yo: "E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo? 4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’"
5 Men nou di: "Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, 6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l". Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an. 7 Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
8 15:8 És 29:13 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,
men kè yo byen lwen Mwen.
9 An ven yo adore M;
lè yo enstwi kòm 15:9 Kol 2:22doktrin, prensip a lòm.