32 15:32 Mat 14:13-21 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: "Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la."
33 Disip Li yo te mande L: "Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?"
34 Jésus te mande yo: "Konbyen pen nou genyen"?
Yo te di: "Sèt, avèk kèk ti pwason."
35 Li te kòmande foul la chita atè. 36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin 15:36 Mat 14:9remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. 37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran 15:37 Mat 16:10panyen byen plen. 38 Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.