1 17:1 Mc 9:2-8 Sis jou pita, Jésus te pran 17:1 Mat 26:37Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo. 2 Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè. 3 Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.
4 Pierre te di a Jésus: "Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, 17:4 Mc 9:5m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie."
5 Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, 17:5 Mc 1:11yon vwa sòti nan nwaj la e te di: "Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!"