Pular para o conteúdo
Publicidade

Mateus 2

1 Aprè Jésus te fin 2:1 Mi 5:2fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2 "Kote sila ki fèt 2:2 Jr 23:5Wa a Jwif yo a? Nou gen tan zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li."

3 Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li. 4 Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.

5 Yo te di li: 2:5 Jn 7:42"Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la";

6 2:6 Mi 5:2 "E ou menm, Bethléem, peyi Judée,

ou pa manke valè pami chèf Judée yo:

paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm,

Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël".

7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou yon ankèt egzakt pou konnen kilè 2:7 Nonb 24:17zetwal la te parèt la. 8 Li te voye yo Bethléem e li te di yo: "Ale Chèche pou twouve Pitit la, e nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou."

9 yo fin tande wa a, yo ale wout yo, e konsa zetwal la ke yo te nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 yo te zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te 2:11 Mat 14:33adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, , lansan, ak lami. 12 Men akoz ke yo te avèti 2:12 Job 33:15nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.

Veja também