23 22:23 Mc 12:18-27 Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon. 24 Yo te di: "Mèt, Moïse te di: 22:24 Det 25:5‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’ 25 Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la. 26 Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a. 27 An dènye lye, fanm nan te mouri. 28 Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l."
29 Men Jésus te reponn yo: "Nou twonpe nou. Nou 22:29 Jn 20:9pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a. 30 Paske nan rezirèksyon an, yo 22:30 Mat 24:38pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo. 31 Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou: 32 22:32 Egz 3:6‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo."
33 Lè foul la te tande sa, 22:33 Mat 7:28yo te etone de jan Li te enstwi a.