1 "Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a. 2 Senk nan yo te manke sajès, men lòt senk yo te gen bon konprann. 3 Lè sila ki manke sajès yo te pran lanp yo, yo pa t pran lwil avèk yo. 4 Men saj yo te pran lwil nan veso ansanm avèk lanp yo. 5 Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.
6 "Men a minwi, te gen yon gwo kri: ‘Men gade, jennonm k ap marye a parèt! Vin rankontre li.’
7 "Alò, tout vyèj sa yo te leve pou prepare lanp pa yo. 8 Men sila ki pa t saj yo te di a sila ki te pridan yo: ‘Bannou kèk nan lwil pa nou an, paske lanp nou yo ap etenn.’
9 "Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’
10 "Konsa, pandan yo t ap pral achte, jennonm nan te vin parèt e sila ki te prepare yo te antre avè l nan fèt maryaj la. Epi pòt la te vin fèmen.
11 "Pita lòt vyèj yo te vini. Yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou.
12 "Men li te reponn yo konsa: ‘Anverite mwen di nou, mwen pa rekonèt nou.’
13 "Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.