1 26:1 Mat 7:28 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2 26:2 Mc 14:1-2"Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L."
3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm 26:3 Mat 26:58,59nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4 Epi yo te 26:4 Mat 12:14fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. 5 Men yo t ap di: "Pa fè l pandan fèt la 26:5 Mat 27:24otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la."
6 26:6 Luc 7:37-39 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la, 7 26:7 Luc 7:37yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: "Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa? 9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo."
10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: "Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay. 11 Paske 26:11 Det 15:11malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan. 12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l 26:12 Jn 19:40pou prepare Mwen pou lantèman. 13 Anverite, Mwen di nou ke 26:13 Mc 14:9nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt."
14 26:14 Mc 14:10-11 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15 Li te di yo: "Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?"
26:15 Egz 21:32 Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
17 26:17 Mc 14:12-16 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: "Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?"
18 Li te di yo: "Ale nan vil la a yon 26:18 Mc 14:13sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou "Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo."’"
19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
20 26:20 Mc 14:17-21 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo. 21 Pandan yo t ap manje, Li te di yo: 26:21 Luc 22:21-23 "Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M".
22 Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: "Asireman, se pa mwen menm, Senyè?"
23 Li te reponn: 26:23 Sòm 41:9"Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an. 24 Fis a Lòm nan gen pou ale, 26:24 Mat 26:31-54jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt."
25 26:25 Mat 26:14 Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: "Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?"
Li te reponn li: "Se ou menm ki di l."
26 26:26 I Kor 10:16 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: "Pran, manje; sa se kò Mwen."
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: "Bwè ladann, nou tout; 28 paske 26:28 Egz 24:8sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.