Publicidade

Mateus 27

1 Alò, maten 27:1 Mc 15:1vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. 2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a 27:2 Luc 3:1Pilate, gouvènè peyi a.

3 Konsa, 27:3 Mat 26:14Judas ki te trayi Li a te ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay 27:3 Mat 26:15trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: "Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an."

Men yo te reponn l: "Kisa sa ye pou nou? 27:4 Mat 27:24Okipe sa ou menm!"

5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. 27:5 Mat 26:24Li te sòti, e te ale pann tèt li.

6 Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: "Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san." 7 Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 8 27:8 Trav 1:19Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.

9 Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di:

27:9 Za 11:12 "Yo te pran trant pyès ajan,

pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;

ke kèk nan fis Israël te etabli,

10 epi yo te bay yo pou 27:10 Za 11:13Chan Kanari a

jan Senyè a te dirije m nan."

11 27:11 Mc 15:2-5 Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: "Èske ou se Wa a Jwif yo"?

Jésus te reponn li: "Se konsa ou di a."

12 Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, 27:12 Mat 26:63Li pa t reponn.

13 Konsa, Pilate te di L: "Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?"

14 27:14 Mat 27:12 Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.

15 27:15 Jn 18:39 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo. 16 Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.

17 Konsa, yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: "Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus 27:17 Mat 1:16ke yo rele Kris la?" 18 Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te yo livre Li.

19 27:19 Jn 19:13 Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: "Pa gen anyen pou avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm."

20 Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou 27:20 Trav 3:14mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.

21 Men gouvènè a te reponn e te di yo: "Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?"

E yo te di: "Barabbas!"

22 Pilate te di: "E kisa pou mwen ta avèk Jésus 27:22 Mat 1:16ke yo rele Kris la?"

E yo te di: "Krisifye Li!"

23 Li te di: "Poukisa, ki mal Li ?"

Men yo te kontinye rele pi : "Krisifye Li!"

24 Konsa, Pilate te ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap tenten, li te pran dlo pou 27:24 Det 21:6-8te lave men li devan pèp la, e te di: "Mwen inosan a san Nonm sila a; l nou menm".

25 Tout pèp la te reponn e te di: 27:25 Jos 2:19"Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!"

26 Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te yo 27:26 Mc 15:15bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.

27 27:27 Mc 15:16-20 Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li. 28 Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj. 29 27:29 Mc 15:17Epi yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: "Salitasyon, Wa a Jwif yo!" 30 27:30 Mat 26:67Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.

31 27:31 Mc 15:20 yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye. 32 27:32 Jn 19:17Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.

33 27:33 Mc 15:22-32 yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La, 34 27:34 Sòm 69:21yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men L te goute l, Li pa t dakò bwè l. 35 Answit yo te fin krisifye L, yo te 27:35 Sòm 22:18pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò. 36 Epi konsa, yo te chita e te 27:36 Mat 27:54kòmanse veye L la. 37 Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: 27:37 Mc 15:26 "SA SE JÉSUS WA JWIF LA".

38 Nan menm sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li. 39 Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap 27:39 Job 16:4souke tèt yo. 40 Yo t ap di: 27:40 Mat 26:61"Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! 27:40 Mat 27:42Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a."

41 Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di: 42 27:42 Mc 15:31"Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li. 43 27:43 Sòm 22:8Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vlè L; paske Li te di: Mwen se Fis Bondye a".

44 Anplis, 27:44 Luc 23:3-9-43volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.

45 27:45 Mc 15:33-41 Alò, depi sizyèm (midi), fènwa te tonbe sou tout a jis rive nan nevyèm (twazè).

46 Nan anviwon nevyèm , Jésus te kriye avèk yon vwa byen : 27:46 Sòm 22:1"Eli, Eli, lima sabachthani?" Ki vle di: "Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?"

47 Epi kèk nan yo ki te kanpe la, yo te tande sa, yo te kòmanse di: "Nonm sa a ap rele Elie". 48 27:48 Sòm 69:21E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè. 49 Men lòt yo te di: "Annou si Elie ap vin sove L".

50 Konsa, Jésus 27:50 Mc 15:37te kriye ankò avèk yon vwa , e te kite nanm Li sòti.

51 27:51 Luc 23:47-49 Epi gade, 27:51 Egz 26:31vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52 Konsa, tonm yo te louvri e anpil sen ki 27:52 Trav 7:60t ap dòmi te vin leve. 53 Yo te sòti nan tonm yo Li te fin resisite e te antre nan 27:53 Mat 4:5vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.

54 27:54 Mc 15:39 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, yo te tranbleman de a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin anpil. Yo te di: "Anverite, sa se te Fis a Bondye a!"

55 27:55 Mc 15:40 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L. 56 Pami yo, te gen 27:56 Mat 28:1Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.

57 27:57 Mc 15:42-47 li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus. 58 Mesye sila a te mande Pilate pou Jésus.

Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.

59 Epi Joseph te pran a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp. 60 Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon 27:60 Mat 27:66gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.

61 Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.

62 Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre 27:62 Mat 27:56preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. 63 Yo te di l: "Mèt, nou sonje ke Li te vivan an ke twonpè sila a te di: 27:63 Mat 16:21Apre twa jou, Mwen va leve ankò. 64 Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a."

65 Pilate te di yo: "Nou genyen 27:65 Mat 27:66gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an."

66 Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon 27:66 Dan 6:17so sou wòch la.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_21-26-40-