1 Alò, 3:1 Jn 1:6-8nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2 3:2 Mat 4:17"Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt." 3 Paske sila a se de 3:3 Luc 1:17-76li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: 3:3 És 40:3
"Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,
Prepare chemen Bondye a!
Fè chemen Li yo dwat"!
4 Alò, Jean li menm te gen 3:4 II Wa 1:8yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 5 Jérusalem avèk tout Judée 3:5 Mc 1:5t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6 Yo t ap 3:6 Mat 3:11batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.