Pular para o conteúdo
Publicidade

Matthïeu 3

1 Alò, 3:1 Jn 1:6-8nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2 3:2 Mat 4:17"Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt." 3 Paske sila a se de 3:3 Luc 1:17-76li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: 3:3 És 40:3

"Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,

Prepare chemen Bondye a!

Fè chemen Li yo dwat"!

4 Alò, Jean li menm te gen 3:4 II Wa 1:8yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 5 Jérusalem avèk tout Judée 3:5 Mc 1:5t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6 Yo t ap 3:6 Mat 3:11batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.

7 Men lè li te wè anpil 3:7 Mat 16:1Farizyen avèk 3:7 Mat 22:23Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: "Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 8 3:8 Luc 3:8Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: 3:9 Luc 3:8‘Nou gen kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit yo. 10 3:10 Luc 3:9Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè."

11 "Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk 3:11 Mc 1:4-8Lespri Sen an, epi avèk dife. 12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn."

13  3:13 Jn 1:29-34 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: "Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?"

15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: "Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt 3:15 Sòm 40:7-8pou nou kapab akonpli tout ladwati." Konsa li te kite sa fèt.

16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. 3:16 Mc 1:10Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: 3:17 Sòm 2:7"Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi."

Pessoa
H85
Abraão
ΑβρααμAbraamאַבְרָהָ֔םavəraham
Abraão, chamado por Deus, deixou a sua terra rumo a Canaã, recebeu a promessa de ser pai de muitas nações e foi pai de Isaque, o filho da promessa (Gênesis 12:1).
Significado: “Pai de uma multidão”
Ver página completa
Pessoa
H85
Abraão
ΑβρααμAbraamאַבְרָהָ֔םavəraham
Abraão, chamado por Deus, deixou a sua terra rumo a Canaã, recebeu a promessa de ser pai de muitas nações e foi pai de Isaque, o filho da promessa (Gênesis 12:1).
Significado: “Pai de uma multidão”
Ver página completa
Todos os capítulos de Matthïeu 28
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.