18 4:18 Luc 5:2-11 Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. 19 Li te di yo: "Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun."
20 Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
21 Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, 4:21 Mat 10:2Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
22 Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.