43 "Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: 5:44 Luc 6:27Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab 5:45 Mat 5:9fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 "Paske 5:46 Luc 6:32 si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè." 5:48 Lev 19:2; I Jn 3:12