Pular para o conteúdo
Publicidade

Mateus 6

25 6:25 Luc 12:22-31 "Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e a plis ke rad nou mete sou li? 26 6:26 Job 35:11Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

27 "Epi kilès nan nou ki avèk 6:27 Mat 6:25,28,31,34enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou 6:28 Mat 6:25-28enkyete pou zafè rad?

"Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni twal; 29 men Mwen di nou ke menm 6:29 I Wa 10:4-7Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 "Men si se konsa ke Bondye abiye 6:30 Jc 1:10-11zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap pou nou, o 6:30 Mat 8:26nou menm, moun ki manke lafwa!

31 "Konsa, pa 6:31 Mat 6:25,27,28,34 enkyete nou, pou di: Kisa n ap manje?ni Kisa n ap bwè?ni Avèk kisa n ap abiye? 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men 6:32 Mat 6:8Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi 6:33 Mat 19:28tout bagay sa yo ap vini anplis.

34 "Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li." 6:34 Pwov 30:8

Veja também