5 8:5 Luc 7:1-10 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf sentiwon Women te vin sipliye Li: 6 "Senyè, sèvitè mwen an kouche 8:6 Mat 4:24paralize lakay mwen. L ap soufri anpil."
7 Jésus Li te di li: "M ap vin geri li."
8 Men sentiwon an te reponn Li: "Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. 9 Paske mwen menm tou se yon moun anba 8:9 Mc 1:27otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l."
10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: "Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun 8:11 És 49:12va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men 8:12 Mat 13:38 fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan 8:12 Mat 22:13fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo." 13 Jésus te di a sentiwon an: "Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou 8:13 Mat 9:22,29jan ou kwè a." Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.