18 9:18 Mc 5:22-43 Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: "Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv."
19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche 9:20 Nonb 15:38rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: "Si sèlman mwen kapab 9:21 Mat 14:36touche rebò vètman Li, m ap geri."
22 Men Jésus te vire wè li e te di li: "Fi mwen, pran kouraj, 9:22 Mat 9:29fwa ou gen tan fè ou geri." Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè 9:23 II Kwo 35:25moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: "Fè yon ti deplase; fi a 9:24 Jn 11:13pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi."
Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men 9:25 Trav 9:40lè foul la te soti deyò, Li te antre, 9:25 Mc 9:27pran men li, e fi a te vin leve. 26 9:26 Mat 4:24Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.