9 9:9 Mc 2:14-22 Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: "Swiv Mwen!" Epi li te leve e te swiv Li. 10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: 9:11 Mat 11:19"Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?"
12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: "Se pa 9:12 Mc 2:17sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: 9:13 Os 6:6‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo."