Pular para o conteúdo
Publicidade

Women Yo 12

1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou 12:1 Wo 6:13,19prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa 12:2 Ef 4:23renouvèlman lespri nou, pou nou kapab 12:2 Ef 5:10,17pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou 12:3 Wo 11:20pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske 12:4 I Kwo 12:12-14menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè 12:5 I Kwo 12:20,27yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki 12:6 Wo 12:3pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se 12:7 Trav 6:1fè sèvis, nan sèvi moun, si se 12:7 Trav 13:1enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; 12:8 I Tim 5:17si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

9 Se pou nou renmen 12:9 II Kwo 6:6san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 12:10 Jn 13:34Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete 12:11 Trav 18:25zele nan lespri nou, ak 12:11 Trav 20:19nan sèvis Senyè a, 12 12:12 Wo 5:2rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon 12:12 Trav 5:14pèsevere nan lapriyè. 13 12:13 II Kwo 9:1Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou 12:13 Mat 25:35pratike ospitalite.

14  12:14 Mat 5:44 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 12:15 Job 30:25Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. 12:16 Pwov 3:7Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 12:17 Pwov 20:22Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou 12:18 Mc 9:50rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: 12:19 Det 32:35"Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans", di Senyè a.

20  12:20 II Wa 6:22 "Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

e si li swaf, bay li bwè.

Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li."

21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

Todos os capítulos de Women Yo 16
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.