12 Konsa, pa kite peche 6:12 Wo 6:14reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men 6:13 Wo 12:1prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske 6:14 Wo 8:6peche pa dwe mèt nou, paske 6:14 Wo 7:4nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15 Kisa Ankò? 6:15 Wo 6:1Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm 6:16 Jn 8:34esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a 6:17 II Tim 1:13menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te 6:18 Jn 8:32libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.