Publicidade

Romanos 7

1 Oubyen èske nou pa konnen, 7:1 Wo 1:13frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2 Paske yon 7:2 I Kwo 7:39fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. 4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan Kris la, nou te 7:4 Wo 7:6oblije mouri 7:4 Gal 2:19a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. 5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te move pasyon yo 7:5 Wo 7:7leve nan nou, ki t ap travay 7:5 Wo 6:13,21,23nan manm nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. 6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi 7:6 Wo 6:2nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.

7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou 7:7 Egz 20:17"lanvi" si se pa Lalwa ki di m "Ou pa pou gen lanvi". 8 Men peche, ki te pran opòtinite atravè7:8 Wo 3:20Lalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. 9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. 10 Konsa, kòmandman sa a ki te 7:10 Lev 18:5fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. 11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, 7:11 Jen 3:13te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12 7:12 Wo 7:16Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.

13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? 7:13 Luc 20:16Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te sa a, pou li ta m sa ke peche ye. Konsa li te m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a 7:14 I Kwo 3:1baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike 7:15 Wo 7:19sa ke m ta renmen , men m ap bagay ke m rayi. 16 Men si m bagay m pito pa vle a, mwen vin dakò avèk 7:16 Wo 7:12Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a 7:17 Wo 7:20se pa mwen k ap l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan 7:18 Jn 3:6chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou sa ki bon an pa janm fèt. 19 7:19 Wo 7:15Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap menm bagay ke m pi pa vle a, 7:20 Wo 7:17mwen pa moun k ap l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21 Donk, mwen twouve kòm7:21 Wo 7:23,25prensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji 7:22 II Kwo 4:16andedan an, 23 men nan manm mwen, mwen yon 7:23 Wo 6:19lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan 7:24 Wo 6:6lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-