Pular para o conteúdo
Publicidade

Women Yo 8

1 Konsa nanpwen okenn 8:1 Wo 8:34kondanasyon pou sila ki nan 8:1 Wo 8:9Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske 8:3 Trav 13:39sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki 8:4 Gal 5:16,25pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan 8:5 Gal 5:19-21tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou 8:5 Gal 5:22-25tout bagay Lespri yo. 6 8:6 Gal 6:8Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se 8:7 Jc 4:4lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki 8:8 Wo 7:5nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a 8:9 Jn 14:23rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 8:10 Jn 17:23Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te 8:11 Trav 2:24fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também