12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap 8:13 Kol 3:5mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun 8:14 Gal 5:18ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou 8:15 Eb 2:15pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou 8:15 Wo 8:23te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele "Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm 8:16 Trav 5:32temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap 8:17 Trav 20:32eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.