18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a 8:18 II Kwo 4:17pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi 8:19 Wo 8:18revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te a 8:20 Jen 3:17-19sibi anba 8:20 Sòm 39:5kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke 8:21 Trav 3:21kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap 8:22 Jr 12:4,11leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen 8:23 Wo 8:16premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men 8:24 Wo 4:18espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men 8:25 I Tes 1:3si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men 8:26 Jn 14:16Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men 8:27 Sòm 139:1Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.