1 Konsa nanpwen okenn 8:1 Wo 8:34kondanasyon pou sila ki nan 8:1 Wo 8:9Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske 8:3 Trav 13:39sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki 8:4 Gal 5:16,25pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan 8:5 Gal 5:19-21tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou 8:5 Gal 5:22-25tout bagay Lespri yo. 6 8:6 Gal 6:8Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se 8:7 Jc 4:4lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki 8:8 Wo 7:5nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a 8:9 Jn 14:23rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 8:10 Jn 17:23Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te 8:11 Trav 2:24fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap 8:13 Kol 3:5mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun 8:14 Gal 5:18ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou 8:15 Eb 2:15pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou 8:15 Wo 8:23te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele "Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm 8:16 Trav 5:32temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap 8:17 Trav 20:32eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a 8:18 II Kwo 4:17pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi 8:19 Wo 8:18revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te a 8:20 Jen 3:17-19sibi anba 8:20 Sòm 39:5kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke 8:21 Trav 3:21kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap 8:22 Jr 12:4,11leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen 8:23 Wo 8:16premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men 8:24 Wo 4:18espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men 8:25 I Tes 1:3si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men 8:26 Jn 14:16Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men 8:27 Sòm 139:1Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè 8:28 Wo 8:32tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te 8:28 Wo 8:30rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te 8:29 Wo 11:12konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te 8:30 I Kwo 6:11jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te 8:30 Jn 17:22glorifye yo.
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? 8:31 Sòm 118:6Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki 8:32 Jn 3:16pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se 8:33 És 50:8Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki k ap kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki 8:34 Wo 8:27ap entèsede pou nou tou.
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se 8:35 II Kwo 4:8tribilasyon, soufrans 8:35 I Kwo 4:11pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
8:36 Sòm 44:22 "Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche."
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke 8:37 Jn 16:33venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke 8:38 I Kwo 3:22ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de 8:39 Wo 5:8lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.