14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. 15 Li te di: "Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk 1:15 Jos 24:15 dye li yo. Ale swiv bèlsè ou."
16 Men Ruth te di: "Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou 1:17 I Sam 3:17 SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen."