Publicidade

Rute 1

8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: "Ale, retounen nou chak lakay manman nou. 1:8 II Tim 1:16Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. 9 Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li."

Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye. 10 Epi yo te di li: "Non, men n ap retounen avè w pèp ou a."

11 Naomi te di yo: "Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo 1:11 Jen 38:11ta vin mari nou? 12 Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fis, 13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa m trist pou ka nou yo. 1:13 Jij 2:15Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen."

14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-