13 Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa 4:13 Jen 29:31SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis. 14 Alò 4:14 Luc 1:58fanm yo te di a Naomi: "Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! 15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou 4:15 Rt 1:16-17e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans. 16 Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li." 17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: "Yon fis te ne pa Naomi!" Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.
18 Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: 4:18 Mat 1:3-6Pérets te fè Hetsron, 19 Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab; 20 Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon; 21 Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed; 22 Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.